Kiyès li ye?_Dominique Jean-Baptiste yon moun ki kwè nan lajenès ak patisipasyon sitwayen



Dominique Jean-Baptiste se yon ayisyen konsekan ki fèt Levi premye seksyon kominal komin Kanperen. Li fè anpil etid siperyè tankou: li etidye Syans Kominikasyon nan opsyon relasyon publik nan Université Épiscopale d'Haïti, syans politik kote le fè filyè relasyon entènasyonal nan INAGHEI, elatriye… Dominique ap travay nan vizyon 2000; li se repòtè, prezantatè ak reyalizatè.. E tou, li kowòdinatè nan ASELA ki se Anviwonnman'm SE LAvi'm depi anpil tan. Kote li mete bò kote l moun ki genyen volonte batay pou tout ayisyen, sitou sa ki Kanperen yo pou yo transfòme tèt yo an “eko-sitwayen” sa vle di sitwayen ki obsève epi ki konsyan de eta Anviwonnman e ki vle prezèvel tou. 

Jounen jodi a Dominique Jean-Baptiste kwè ke tout moun dwe foure men yo nan pat la sitout kretyen yo ak elèv oubyen jèn yo, pandan ke yap fè sa nou te ka rele “eko-jès” la (nou kapab konprann ke “eko-jès” sa aksyon ki vize amelyore eta anviwonnman nou pa aksyon ke nou ap poze chak jou). 

Li kwè ke jenès la dwe angaje li, menm si li konnen ke sa pa fasil e se pou sa li mande jenès pou yo pran kouraj yo a de men. 

Li mande pou entèlektyèl yo pran angajman yo tou, pandan ke yap rete onèt, entèg, nan vi politik peyi a, pou yo pa ap kouri kitel paske li pa kwè ke se konsa pwoblèm yo ap kapab rezoud e mete peyi nou sou bon ray. Kouri kite peyi se prèv lachte. 

Dominique pase tan li Pòtoprens, Okay men li trè prezan nan komin Kanperen kote li gen anpil pwojè ki an preparasyon; ki nan wout kap vini. Lanmou li genyen pou komin sa pa piti ditou, li vle an amoni avèl, aprann aprivwaze l epi ede moun yo dekouvri komin lan, pou yo konprann li yon fason pou yo pa detui l. Se nan sans sa li antame preparasyon yon ouvraj ki genyen kòm tit :«À travers Kanperen : une éco-photographie», ouvraj kote li trete an pwofondè tout patikilarite komin lan :kote touristik, moun enfliyan ak kesyon anviwonnman e agrikilti. 


Pa mwayen divès aktivite li yo nou konstate ke Dominique Jean-Baptiste se yon pèsonaj ki angaje anpil. Li angaje tèt li nan yon lit pou prezève anviwonnman e li, poze jès konsekan ki papab pote fui nan vi politik, sosyal e anviwonnmantal peyi nou yon fason pou nou transfòmel nèt nan sans pozitif. Anplis de sa li envite anpil lòt moun vin edel batay. Li kwè nan potansyalite jèn yo epi li pouse yo angaje nan tout sa kapab garanti yon demen miyò sitou nan lavi politik ak sosyal peyi a. 

Pou sa nou voye yon gwo kout chapo pou gwo tonton sitwayen sa ki se youn nan richès ke peyi nou genyen. Nou kwè ke sa kap vini yo, jèn yo kapab enspire yo de potorik gason sa ki se Dominique Jean-Baptiste.



Otè: Dellano DÉSIRÉ

Commentaires

  1. Mwen kontan tande pale desa e mw kontan we ke lajenes la vle impozel e invite tout moun met men a la pou edenn pote chanjman nn anviwonman an bon travay ak Dominique, bon travay ak sila ki vle ankouraje ide a e bon travay a redactè a

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés